AccueilMes livresAjouter des livres
Découvrir
LivresAuteursLecteursCritiquesCitationsListesQuizGroupesQuestionsPrix BabelioRencontresLe Carnet

Citation de Icibachudun


Yon jou, papa mande Klemantin al chache dlo pou li. Klemantin ranmase kivèt li, li al nan dlo. Men papa a pran chimen dekoupe, l al kache dèyè blòk wòch la. Li wè Klemantin rive ak kivèt li sou tèt li, chita bò dlo a epi l pran chante : Tezen zanmi mwen, Zen... Dlo a vin ap yon ti jan klè. Pwason an parèt tèt li sot nan dlo a. Papa Klemantin ba l yon grenn kout manchèt, li coupe tèt li sèk. Ma a vin wouj. Papa pote pwason an bay manman l kuit, men, Klemantin refize manje l. Li chita tout apremidi a sou yon vye chèz pay, l ap kriye, l ap chante pou Tezen. Tank l ap chante, tank chèz la ap desann rantre nan tè. Li pa sispann kriye, li pa sispann chante. Chèz la desann, li desann. Vin jwenn yon lè, manman an chèche Klemantin anvan l rive jwenn li dèyè kay la. Li te gentan byen fon anba tè. Yon grenn très cheve po t ko antere. Manman an rale l ak tout fòs li, li ret nan men l.

Un jour, le père demande à Clémentine d'aller lui chercher de l'eau. Celle-ci prend une cuvette et se dirige vers la mare. Le père prend un chemin de traverse pour aller se cacher derrière le rocher. Il voit Clémentine arriver avec la cuvette sur sa tête, s'asseoir près de l'eau et se mettre à chanter : Tezin mon ami, Zin... L'eau commence à s'éclaircir. Le poisson sort sa tête hors de l'eau et le père de Clémentine, vif comme l'éclair, lui tranche la tête d'un coup de machette. La mare devient rouge. Le père ramène le poisson à la maison. La mère le fait cuire, mais Clémentine refuse d'en manger. Elle passe tout l'après-midi assise sur une vieille chaise en paille, à pleurer et à chanter la chanson de Tezin. Au fur et à mesure qu'elle chante, la chaise s'enfonce dans la terre. Elle n'arrête pas de chanter ni de pleurer. La chaise continue de s'enfoncer. À un moment donné, la mère cherche Clémentine pour, finalement, la trouver derrière la maison. Elle était déjà complètement enfoncée dans la terre. Il ne restait au dehors qu'une tresse de cheveux. La mère tire brutalement sur la tresse qui lui reste dans la main.
Commenter  J’apprécie          10





Ont apprécié cette citation (1)voir plus




{* *}